Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Senatè Antonio Cherarmy ak Depite Jerry Tardieu Demisyone Kòm Manm Pati Politik Verite


Senatè ayieyn, Antonio Cheramy
Senatè ayieyn, Antonio Cheramy

Senatè Antonio Cheramy ak Depite Jerry Tardieu eksplike nan laprès ann Ayiti rezon ki pouse demisyone kòm manm Platfòm politik ki pote non Verite a.

2 palmantè sa yo ki te eli sou banyè latfòm politik sa a di jounal Le Nouvelliste yo kont metòd gouvènman an itilize pou finanse pati politik e dezakò yo genyen ak kèk dirijan nan pati a ta labaz desizyon yo a.

è

Nan yon entèviou Senatè Cheramy bay jounal la li di fason gouvènman an finanse pati politik yo reprezante pou li yon menas pou demokrasi. Depite Jerry Tardieu bò kote pal kritike desizyon platfòm Verite pran pou l aksepte finansman nan men gouvènman an, yon sitiyasyon ki dapre li vin ajoute sou lòt pwoblèm ki egziste andedan òganizasyon politik sa a.

Avèk 18 depite, 3 senatè, 17 katèl majistra ak plis pase 500 KASEC, ASEC ak Delege de Vil, Platfòm Verite a reprezante 2èm strikti politik pi enpòtan nan peyi; pati ki sou pouvwa a PHTK vin ann 2èm pozisyon.

XS
SM
MD
LG