Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman an Entèdi Lapolis Pran Kèk Desizyon san Apwobasyon CSPN


Prezidan aysiyen an, Jovenel Moïse, agoch, ak Direktè Polis Nasyonal La, Michel-Ange Gédéon, adwat pandan inogirasyon Jovenel Moïse kòm prezidan peyi a. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - 7 fevriye 2017, Pòtoprens, Ayiti.
Prezidan aysiyen an, Jovenel Moïse, agoch, ak Direktè Polis Nasyonal La, Michel-Ange Gédéon, adwat pandan inogirasyon Jovenel Moïse kòm prezidan peyi a. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares - 7 fevriye 2017, Pòtoprens, Ayiti.

Gouvènman ayisyen an pibliye yon arete 28 Me 2018 la apre deliberasyon an Conseil des Ministres pou l di tout desizyon ki gen pou wè ak nominasyon ou byen transfè nan nivo direksyon santral e depatmantal polis nasyonal la dwe gen aprobasyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la(CSPN) avan egzekisyon.

Arete a mande pou gen aprobasyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la sou tout desizyon ki gen pou wè ak règlemantasyon, ranfòsman efektif, disiplin, karyè ak reminerasyon manm enstitisyon an. Plizyè sektè denonse arete a yo di ki ilegal poutèt li kontrè ak atik 13 lwa 29 Novanm 1994 ki di CSPN nan dwe bay opinyon yo sou desizyon dirijan polis nasyonal la ap pran.

An plis de sa yon arete pa kapab ranplase yon lwa. Minis kilti ak kominikasyon ayisyen an, Joseph Guyler C Delva pa dakò ak moun k ap di gouvènman ayisyen an ap chache kontwole polis nasyonal la. Selon Minis la, ki t ap pale sou yon estasyon radyo nan kapital la, otorite yo pran mezi sa yon fason pou evite deblozaj fèt nan peyi a.

XS
SM
MD
LG