Lidè pati politik Pitit Dessalines nan, ansyen Senatè Depatman Nò a, Moise Jean Charles, ki kontinye ap rekipere li a apre atak yo maladi stwok, kritike pouvwa an plas la kote Prezidan Jovenel Moise pran desizyon pou l prete plis pase 123 milyon dola nan bank prive yo ann Ayiti pou pwogrma Kravann Chanjman li an.
An plis de sa, ansyenj senatè a kritike chèf leta a poutèt li remobilize lame Dayiti ak preparatif lap fè pou mete sou pye yon Konsèy Elektoral Pèmanan ak yon Konsèy Tribinal Konstitisyonèl.
Lidè Pitit Dessalines nan pwofite pou l anonse yon kalandriye mobilizasyon nasyonal kap demare 29 novanm 2017 kap vini la dapre korespndan Lavwadlamerik nan Kap Ayisyen, Yvan Jasmin.
18 novanm 2017 pase, Prezidan Jovenel Moise te pran yon dekrè kote li ofisyèlman remete lame Dayiti sou pye jan l te pwomèt li pandan kanpay prezidansyèl li a.
Ansyen enstitisyon militè peyi a te demobilize apre lidè Lavalas la, Jean Bertrant Aristid ki te sibi yon koudeta te retounen nan peyi a ak sipò lame Etazini ak militè Nasyon Zini, pou l te vin konplete manda li prezidansyèl 5 kan li an.