Yon pòtpawòl Nasyonzini deklare LONU ap mennen ankèt sou 2 akizasyon abi seksyèl kont manm fòs polis Minustah a ta komèt sou kèk minè ayisyen.
Pòtpawòl LONU, Martin Nesirky, fè anons sa a nan pwen de près LONU fè nan jounen lendi 23 janvye a nan Nouyòk. Mesye Nesirky deklare: "Sekretarya jeneral LONU an regrèt pou l konfime ke misyon nasyonzini an ann Ayiti, MINUSTAH, rapòte bay katye jeneral LONU an nan dat 16 janVye 2012 la 2 akizasyon eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl sou ti minè ann Ayiti."
Pòt pawòl Nasyonzini an, Martin Nesirky, reponn kesyon sou swa-dizan zak sa yo komèt ann Ayiti e desizyon LONU pran ann atandan kont akize yo
Nan yon entèvyou li bay Lavwad Lamerik, li di premye ka a enplike kèk polisye nasyonzini ki baze nan Pòtoprens: "Yo retire polisye ki anba akizasyon yo nan sèvis, pou redwi tout kalte kontak ant yo menm ak popilasyon lokal la pandan y ap mennen ankèt la. Dezyèm akizasyon an enplike younn ou plizye manm inite lapolis nan Gonaives la."
Pòtpawòl LONU an ajoute Nasyonzini konsidere akizasyon sa yo kòm yon skandal e LONU pran responsablite li pou l fè fas ak akizasyon sa yo trè-trèzoserye. Li ajoute ke LONU deja enfòme peyi kote polisye yo akize yo soti yo sou swa-dizan zak yo komèt yo.
Pòtpawòl la di: "kontrèman ak jan yo trete ka ki enplike pèsonèl militè Nasyonzini, se LONU ki gen responsablite pou l mennen ankèt sou akizasyon ki sou do polisye Nasyonzini yo. "
Dapre pòtpwòl LONU an, yo deja louvri yon ankèt ann Ayiti:
"Yo deja voye yon ekip ann Ayiti nan dat 21 janvye a pou mennen ankèt sou akizasyon ki sou do polisyeNasyonzini yo e ankèt la ap fèt ak anpil detèminasyon."
Li ajoute MINUSTAH ap mete anfaz sou responsablite chenn-komand la, nan kad efò yo dwe fè pou prevni move zak e pran aksyon-rapid le kalte akizasyon sa yo tonbe sou do manm misyon an.
Pòtpawòl Nasyonzini an fini pa di MINUSTAH a ap pran aksyon-rapid pou pote sipo bay ti minè ayisyen ki swa-dizan viktim eksplwatasyon ak abi seksyèl yo.