Ann Ayiti, mèri Kafou a ap mennen yon kanpay motivasyon ak fòmasyon nan seksyon kominal yo pou chache mete fen nan ogmantasyon kantite ka kolera yo, nan moman epidemi an ap fè dega nan rejyon sa yo.
Vil Kafou twouve l nan rejyon metropolitèn Pòtoprens la. Korespondan nou Orpha Dessources rankontre ak prensipal magistra vil Kafou a, Yvon Gérôme, e li prepare yon repòtaj sou dosye a.