Accessibility links

Breaking News

Lajistis Entèdi Ansyen Minis Camille Edouard Jr, Yves Bastien Kite Peyi a


Mèt Camille Edouard Junior, ansyen minis jistis Ayiti a sou gouvènman provizwa Jocelerme Privert a.
Mèt Camille Edouard Junior, ansyen minis jistis Ayiti a sou gouvènman provizwa Jocelerme Privert a.

Komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Ocname Clamé Dameus, enpoze restriksyon vwayaj sou 2 minis ansyen gouvènman enterimè Prezidan Joceleme Privert a.

Chèf Pakè Pòtoprens la ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik fè konnen rezon ki fè li entèdi ansyen Minis Finans Yves Bastien ak ansyen minis jistis la mèt Camille Edouard Junior vwayaje se pou pèmèt li jwenn eksplikasyon sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje epi sou disparisyon yon fon asistans pou prizonye yo.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon Komisè Dameus nan mikwo Jean Robert philippe.

Entèvyou Lavwadlamerik ak chèf pakè Pòtoprens la sou entèdiksyon depa 2 ansyen minis yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:43 0:00

Ansyen Minis finans gouvènman enterimè a, Yves Bastien, bò kote pal di li pa konprann rezon ki dèyè desizyon komisè gouvènman an menm si li rekonèt genyen yon ankèt kap mennen sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje.

Klike sou lyen odyo a pou w tande pozisyon ansyen Minis Yves Bastien sou sa ki konsène li nan dosye entèdiksyon depa a.

Deklarasyon ansyen Minis Finans la, Yves Bastien nan mikwo Jean Robert Philippe
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:45 0:00

Lavwadlamerik te eseye pran kontak ak ansyen minis jistis la, Camile Edouard Junior malerezman repondè li te sou mesaj.

XS
SM
MD
LG