Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: ANAMAH, Asosyasyon Nasyonal Majistra yo Denonse Konpòtman Minis Finans la ki Boude Reyinyon yo a


Senbòl Lajistis
Senbòl Lajistis

Prezidan ANAMAH, Asosyasyon Nasyonal Majistra yo, Durin Duret Junior denonse konpotman Minis ekonomi ak finans lan ki boude seremoni siyati pwotokòl ako ant ministe jistis, ministe ekonomi ak finans ak CSPJ sou pwoblem majistra yo jedi 5 oktòb 2017 la .

Fas ak konpotman minis finans lan, ANAMAH deside fè yon arèt travay 48 tèd tan si konsene yo pa pran ankont revandikasyon yo.

Prezidan Asosyasyon Nasyonal Majistra yo mande pèsonèl aparèy jidisyè a pou obsève yon arè travay 2 jou (lendi 9 ak Madi 10 Oktòb) pou denonse absans Minis Finans la. ANAMAH te kanpe mouvman grèv la pou te pèmèt siyati pwotokòl dakò ant Ezekitif la ak pouvwa Jidisyè a.

Chirepit sa a nan sektè jistis ap kontinye kèk jou sèlman apre ouvèti ane jidisyè a kote plizyè entèvenan te lonje dwèt sou pwoblèm avèk espwa e espere genyen yon amelyorasyon--yon amelyorasyon ki pa sanble pou demen lavèy avèk tout defi sa yo,e kesyon bidjè a twouvel nan sant kriz sa a tou.

Deklarasyon Durin Duret Junior nan mikwo laprès
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:37 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG