Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Antèman Jean Tatoune Pote Refleksyon nan Mitan Kèk Patizan Ki Kwè Anyen Pa Chaje Malgre Tout Lit yo Mennen


Antèman Jean Tatoune
please wait
Embed

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00

Antèman Jean Pierre Tatoune tout moun konnen sou non Jean Tatounn chante sou plas dam Gonayiv la Jean Pierre alias samdi 7 oktob 2017 la. Fanmi, zanmi, notab ak sèten otorite lokal nan site endepandans la te rann yon dènye omaj ak ansyen aktivis politik byen koni an pou ki mouri anba yon kriz tansyon semèn pase a.

Jean Tatoune te alatèt yon leve kanpe jeneral kont rejim Jean Bertrand Aristide nan ane 2004 yo ak kont diktati Jean Claude Duvalier a nan an 1986. Soulèvman sa yo te kontinye nan plizyèrakwen nan peyi e yo te abouti ak rejim sa yo.

Moun te ka remake prezans Delege Latibonit la Herby Dalencourt, majistra Gonayiv la, Neil Latorue, ak delege vil Raboto a, Anicel Darius, ansyen kandida alaprezidans Erick Jean Baptiste ak ansyen chèf paramilitè rebèl yo, Louis Jodel Chamblain ki se tou yon ansyen sèjan lame Dayiti ak Wilfort Ferdinand alias Tiwil ki li menm te batay kòt a kòt ak Jean Tatoune kont ansyen rejim Lavalas la.

Daniela Jean yon pitit fi defen a te retrase lavi papa l li di te yon nèg bon kalite. Delege vil Raboto a, Anicel Darius, bò kote pal denonse absans otorite nan pouvwa santral la ki pat fè deplasman pou vin salye aktivis politik la pou yon dènye fwa.

Wilfort Ferdinand alias Tiwill pale de Jean Tatoune li di ki te pou li yon modèl e ki te enspirel antre nan lit ame kont ansyen Prezidan Jean Bertrant Aristide nan lane 2003-2004 yo.

Ansyen manb Fron Rezistans pou te chavire pouvwa Lavalas di li regrèt malgre tout batay sa yo anyen pa chanje pou popilasyon an ki toujou ap mennen yon vi difisil.

Tousuit apre seri entevansyon yo, konvwa finèb la te transfòme an manifestasyon kote moun yo tap voye eslogan kont palmantè Latibonit yo ki pat prezan nan antèman an.

Yon chire pit ant patizan Jean Tatoune yo ak fanmi li te pete sou ki kote defen an dwe antere kote yon gwoup moun te pran sekèy la pou mete l nan twou nan katye Jibile ; sepandan, kèk nan manman pitit defen an te pase lòd pou detere kadav la epi al reanterel nan prensipal simetye vil Gonayiv la.

Klike sou videyo a ki anlè tèks la pou pou kapab suiv dewoulman entèman Jean Tatoune nan.

XS
SM
MD
LG