Accessibility links

Breaking News

5 Nouvo Minis Enstale nan Pòs yo nan Administrasyon Piblik la


Premye minis ayisyen an Jack Guy Lafontant antoure ak 5 nouvo manm kabinè ministeryèl li a.
Premye minis ayisyen an Jack Guy Lafontant antoure ak 5 nouvo manm kabinè ministeryèl li a.

Premye minis Jack Guy Lafontant apre li te fin remèt bay nouvo minis yo yon sètifika, te posede ak enstalasyon yo nan pòs respektiv yo. Nan okasyon li tap fè remiz sètifika ak nominasyon nouvo minis yo, Mesye Lafontant reyafime angajman li menm ak tout ekip gouvènman li an genyen pou kontinye konbat koripsyon nan administrasyon piblik la.

Lis nouvo minis yo:

Sitwayen Guy André François nome Minis Ayisyen Kap Viv Aletranje. Sitwayen Guyler C. Delva nome Minis Kilti ak Kominikasyon. Sitwayen Joubert Angrand nome Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Developman Riral. Sitwayen Jean Roody Aly nome Minis Jistis ak Sekirite Piblik. Sitwayen Jean-Marie R. Brunet nome Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal.

Chèf Primati a remèsye minis sòtan yo pou sèvis yo ak nasyon an e li di li konte sou kolaborasyon nouvo titilè yo pou rive rezoud diferan pwoblèm nan adminstrasyon piblik la.

XS
SM
MD
LG