Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Siklòn-Irma: Direksyon Pwoteksyon Sivil Pran Dispozisyon pou Ede Moun nan Zòn a Risk yo


 Foto ki montre yon zòn a risk yo nan Pòtoprens
Foto ki montre yon zòn a risk yo nan Pòtoprens

Direktè Biwo Pwoteksyon Sivil peyi Dayiti, Jerry Chandler, di gen dispozisyonespesyal pou pwoteje zòn a-risk yo nan Depatman Nò, Nòdès, Nòdwès ak Plato Santral.

Sant Dijans Nasyonal Dayiti dekrete yon eta dalèt wouj sou tout peyi a nan moman Siklòn Irma kontinye frape zile karayib yo Move tan an pote avèk li van ki tèlman fò, yo klase li nan kategori 5, sa vle di se yon siklòn ki ka pwovoke gwo inondasyon e simaye lanmò sou pasaj li.

Ki previzyon ki fèt pou Ayiti nan moman gwo move tan sa a ap vanse sou peyi a? Ki dispozisyon Biwo Pwoteksyon Sivil la pran pou zòn ki pi a-risk yo, tankou Depatman Nò, Nòdès, Nòdwès ak Plato Santral? Eske gen yon plan pou fè fas ak dega ak dezas Irma ka pwovoke?

Direktè Biwo Pwoteksyon Sivil peyi Dayiti, Jerry Chandler, reponn kesyon sa yo ak lòt ankò nan mikwo Jean-Pierre Leroy.

Deklarasyon Direktè Biwo Pwoteksyon Sivil peyi Dayiti a, Jerry Chandler, sou pwoteksyon moun nan zòn a risk yo.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:16 0:00

XS
SM
MD
LG