Accessibility links

Breaking News

Temwayaj 2 Imigran Ayisyen Kap Chache Azil o Kanada


Yon dam kap pote yon ti moun sou bra li kote li rive devan polisye kanadyen yo apre li fin travèse fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn wout Roxham, nan Champlain, New York, 7 out 2017.
Yon dam kap pote yon ti moun sou bra li kote li rive devan polisye kanadyen yo apre li fin travèse fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn wout Roxham, nan Champlain, New York, 7 out 2017.

Yon koup refijye, Luckenson Mérilien, ki gen 30 tan e ki se yon kontremèt mason ak madanm li, Marie Michelle Jean, 37 tan e ki se yon sekretè de pwofesyon di yo kite Ayiti depi plizyè ane yon fason pou al chache lavi miyò nan peyi etranje. Luckenson ak Marie Michelle te pran direksyon Brezil avan yo te ateri Ozetazini e anfen o Kanada.

Dapre Luckenson, trajè Brezil-Etazini an se te lavi ou lanmò kidonk yon wout trè difisil. Koup la di yo pase 4 mwa nan wout avan yo rive sou teritwa ameriken an. Mesye dam yo travèse plizyè peyi nan amerik latin nan tankou Pewou, Ekwatè, Kolonbi, Panama, Gwatemala, Nikaragwa, Ondiras, ak Meksik jiskaske yo rive sou fwontyè Etazini.

Luckenson ak Marie Michelle fè konnen gen plizyè lòt moun ki te sou wout la menm jan avèk yo ak menm objektif la ki se te antre Ozetazini. Yon fwa yo te rive sou fwontyè Etazini ak Meksik, yo te deside prezante devan otorite teritoryal ak ladwan ameriken yo ki te kenbe yo pou 12 jou nan prizon. Apre sa, yo te libere yo epi ba yo yon estati ki pat di kilè yap depòte yo.

Rezon Imigran Ayisyen ilegal yo ap kouri kite Etazini

Sepandan rezon ki Lakoz Luckenson ak Marie Michelle ap mande azil o Kanada se eksperyans regretab, yo di, plizyè lòt refijye ki te rive Ozetazini nan menm kondisyon ak yo fè. Dapre Luckenson, imigrasyon amerikèn depòte nan direksyon Ayiti anpil nan moun sa yo ki te travèse fwontyè Etazini ak Mesik. Marie Michelle bò kote pa l mansyone imigrasyon amerikèn pat janm ba yo pèmi travay, sa ki lakoz yo pat gen mwayen pou peye yon bon avoka pou defann kòz yo.

Pou kounye a, koup la ap tann dat otorite kanadyèn yo ba yo pou prezante devan yon komisè imigrasyon ki pral gen pou pran yon desizyon sou ka yo a.

Chans pou imigran ki soti Etazini yo jwenn azil o Kanada minim anpil dapre Avoka Jean Ernest Pierre

Avoka imigrasyon Jean Ernest Pierre ki tap patisipe nan emisyon Dyaloge ak Etazini Lavwadlamerik mèkredi 9 out 2017 la eksprime dout sou chans imigran sa yo ta genyen pou jwenn azil nan peyi Kanada.

Mèt Pierre fè konnen apre tranblemandtè 12 janvye 2010 la, imigran ayisyen yo ki te antre ilegalman o Kanada te benefisye sa yo rele yon "Moratwa" ki se swadizan yon men leve pou pat aplike lwa imigrasyon kont ayisyen kap viv san papye sou teritwa kanadyen an. Avoka imigrasyon an di lwa sa a pa anvigè ankò.

Luckenson ak Marie Michelle di yo pa konn sa yap fè si Kanada ta rejte ka yo a. Lè jounalis Sergio Rodriguez te mande koup la, "Si sa ta vin pi konplike èske nap tounen ann Ayiti oubyen Ozetazini? Marie Michelle Jean te reponn: "Nou sou kont BonDye."

XS
SM
MD
LG