Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Gouvènman: Lansman yon Pwogram Asenisman pou Kreye Plis Travay; Bourad Manje Rive nan 52 Katye nan Pòtorens


Jean Henry Céant
please wait
Embed

No media source currently available

0:00 0:01:32 0:00

Premye Minis Jean-Henry Céant lanse lendi 26 novanm 2018 la, sou Champs de Mas la, yon pwogram "netwaye lari" kap koute leta ayisyen 2 milya goud. Pwogram sa a ap kreye travay pou anpil moun dapre responsab yo.

Lokatè Primati a fè konnen ekzekitif la pral kontinye lit kont kontrebann nan ak koripsyon nan peyi an. Li ankouraje kontribyab yo pou kontinye peye enpo kòm sa dwa yon fason pou gouvènman an ka gen ase kòb nan men li pou kreye plis travay. Li pwomèt kreyasyon 50 mil djòb pou jèn yo nan fen ane a.

Plizyè 10zèn mou te reyini sou Champs-de-Mas nan kad lansman pwogram netwayaj la, pandan jounen lendi a kota majorite nan yo se jèn. Kèk nan benefisyè yo di yo akeyi inisyativ sa a pandan ke lòt mande gouvènman an onore pwomès li yo.

Yon lòt kote, pwogram gouvènman an ki pote non "Bourad Manje" a rive touche 52 distri nan zòn metwopoliten an, soti jedi 22 novanm rive dimanch 25 novanm dapre responsab Fon Ekonomik ak Sosyal la (FAES).

Direktè lit kont povrete nan FAES la, Gilbert Buteau, fè konnen plis pase 50 mil manman ap patisipe nan pwogram "Ti Manman cheri" a kounye la kap ede anpil fanmi jwenn yon bourad manje nan men gouvènman an.

XS
SM
MD
LG