Accessibility links

Breaking News

16 Depite nan Opozisyon an Mande Entèpelasyon Chèf Gouvènman an


Premye minis Jack Guy Lafontant kap suiv Prezidan Jovenel Moise ak Premyè dam Martine nan jaden Palè Nasyonal la avan prezantasyon Mesye Lafontant nan Pòtoprens, Ayiti. 24 fevriye 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez C)
Premye minis Jack Guy Lafontant kap suiv Prezidan Jovenel Moise ak Premyè dam Martine nan jaden Palè Nasyonal la avan prezantasyon Mesye Lafontant nan Pòtoprens, Ayiti. 24 fevriye 2017. (Foto: REUTERS/Andres Martinez C)

Yon gwoup 16 depite ki konpoze blòk minorite a nan Palman an ekri prezidan chanm bas la, Gary Bodeau, pou mande l entèpele Premye minis Jack Guy Lafontant pou l vin bay eksplikasyon sou reyalizasyon pwogram gouvènman li an jan li te pwomèt yo a nan deklarasyon politik jeneral li. Palmantè minorite yo repwoche Dr. Lafontant yo di ki pa regle anyen serye depi li rive nan tèt Primati a.

Nan fen mwa avril pase a, Premye minis Jack Guy Lafotant te fè yon remaniman ministeryèl kote li ranplase 4 nan minis li yo akoz presyon ki tap fèt tribò-babò e ki fè kwè gouvènman sa a pa bay rezilta. Majistra vil Okay la Jean Gabriel Fortune ki se yon ansyen depite 46 lejislati a, ansyen senatè, e ansyen delege depatmantal sid, e yon alye Prezidan Jovenel Moïse nan yon deklarasyon nan laprès te di li ankouraje pou Premye Minis Jack Guy Lafontant ta bay demisyon l akoz enkapasite li pou dirije gouvènman an.

Selon kèk analis politik, depite minoritè yo ap bezwen sipò lòt kòlèg ki nan majorite a e ki se alye pouvwa a pou yo ta kapab bay Premye minis la ak tout kabinè li a yon vòt sansi. Sepandan, nouvèl yo pa rapòte si depite PHTK yo pral apiye demanch 16 kòlèyo ki nan opozisyon an.

XS
SM
MD
LG