Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moïse Egzòte Sitwayen yo Peye Kouran Olye pou yo Pran Priz


Lava and smoke rise following the eruption of a volcano in the Cumbre Vieja national park at El Paso, on the Canary Island of La Palma, Spain.
Lava and smoke rise following the eruption of a volcano in the Cumbre Vieja national park at El Paso, on the Canary Island of La Palma, Spain.

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise inogire travay reyabilitasyon Santral idwo elektrik Peligre la nan komin Boukan Kare jedi 21 jen 2018 la. Chef nasyon an deklare, “Fòk tout ayisyen peye kouran epi sispann pran priz.

Lokatè Pale nasyonal la fè konnen ekip li a ap batay pou konstwi yon lòt santral sou Flèv Atibonit la ki, lè lapli ap tonbe konn koze gwo dega.

Mwsye Moise remèsye Bank enteramerikèn devlopman, chaje dafè ai peyi Lalmay la an Ayiti pou sipò yo bay nan reparasyon santral la, epi kominote entenasyonal la pou lòt èd yo bay repiblik la

Santral idri elektrik Peligre la, Bank entèramerikèn devlopman ak KFW, yon lòt patné Almay, se 2 presipal enstans ki kontribye nan reparasyon 3 tubin yo.

Reprezantan BID la, Mr Koldo Echebarria di li kwè Peligre pwal pwodwi, ou komanse bay plis kouran. Chaje dafè ai Almay la an Ayiti, Dr Peter Christoph Blimeyer pale sou enpotans enèji ak metòd konvansyon entenasyonal ki trete sou sa. Mesye Blimeyer di Péligre se pi gwo sous kouran pou Ayiti.

Klike sou lyen odyo a pou w tande yon repòtaj Jean Christopher Collegue sou inogirasyon reparasyon Pelig la.

Yon repòtaj Jean Christopher Collegue depi Mibalè
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:37 0:00

XS
SM
MD
LG