Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Edikasyon: Ezamen Ofisyèl yo Ap Dewoule Pandan 3 Jou ak Patisipasyon 144760 Kandida


Yon pwofesè nan lekòl Peace and Justice in Port-au-Prince, nan Pòtoprens, 9 janvye 2012.
Yon pwofesè nan lekòl Peace and Justice in Port-au-Prince, nan Pòtoprens, 9 janvye 2012.

Jan Depatman Edikasyon Nasyonal te deja anonse l la ezamen ofisyèl bakaloreya pèmanan òdinè a ak nouvo sekondè 4 la demare 25 jen e yap fini 28 jen 2018 kap vini la. Dapre sa konrespondan Lavwalamerik nan Pòtoprens Florence Lisené rapòte yo lapolis arete yon etidyan ki te vin konpoze

Daprè sa Minis Pierre Josué Agénor Cadet te di laprès, semèn pase a tout dispozisyon deja an plas nan kad òganize egzamen yo.

Detay òganizatè yo bay fè konnen elèv Filo yo ap konpoze nan matyè sa yo: matematik, syans sosyal, folozofi, biyoloji, fizik, chimi, anglè ka espayòl.

Pou garanti itnegrite pwosesis la, Depatman Edikasyon Nasyonal pase kèk konsiyn pou diminye chans pou yon elèv ta kopye nan egzamen yo oubyen itilize lòt mwayen pou li dejwe siveyans la. Dapre Minis Agénor-Cadet, ofisyèl yo entèdi fòmèlman itilizasyon telefòn pòtab nan sal egzamen yo dekwa pou anpeche tout kontak avèk moun deyò.

XS
SM
MD
LG