Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemandtè ann Ayiti Lakoz 11 Moun pou Pipiti Pèdi Lavi yo e Plis Pase 130 Lòt Blese


Imaj sa montre Pòdepè ki nan Nòdwès peyi Dayiti e ki sitiye a yon distans 295 kilomèt ak Pòtoprens Kapital peyi a.Foto achiv, 7 me 2016. AFP/Hector Retamal.
Imaj sa montre Pòdepè ki nan Nòdwès peyi Dayiti e ki sitiye a yon distans 295 kilomèt ak Pòtoprens Kapital peyi a.Foto achiv, 7 me 2016. AFP/Hector Retamal.

Yon tranblemandtè 5.9- mayitid frape zòn Nòdwès peyi Dayiti samdi 7 oktob 2018 la. Tranblemannte sa touye omwen 11 moun epi blese plis pase 130 lotYon pot pawol gouvenman ayisyen an deklare bay ajans franse (AFP) ke 7 moun te mouri nan zon Port-de-Paix, ki se vil kapital depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Nan vil Gwo Mòn ki twouve l a 50 kilomèt nan zòn sidès Pòdepè 4 lòt moun te mouri.

Nouvèl yo fè konnen tranblemandtè a ta detwi kèk kay ak yon lopital tou.

Dapre Ajans Pwoteksyon Sivil Ayisyen an, Pòdepè, Gwo mòn C,hansòlm, ak Latòti ta zòn ki pi frape anba sekous yo.

Sondaj jewolojik ameriken an fè konnen tranblemandtè sa te frape a 19 kilomèt Pòdepè nan kot nò peyi Dayiti.

Prezidan aysiyen an Jovenel Moise mande tout moun pou yo gade kalm yo: “Mwen ankouraje popilasyon an pou li rete kalm apre pasaj tranblemandtè sa a ki gen pwen santral li ki sitiye nan kot nòdwès la. Ssstem jesyon risk ak branch rejyonal Pwoteksyon Sivil la deja an alèt pou yo kapab ede moun ki rete nan zon ki afekte yo.”

Prezidan Jovenel Moise fè konnen tou: “Tout resous yo nan peyi a ap mobilize pou zòn kote tranblemandtè ya frape yo. Mwen an kontak san souf ak premye minis @jeanhenryceant ki dwe kowòdone operasyon sekou yo. Mwen mande li pou li mobilize tout resous peyi a pou li ede pep la.”

XS
SM
MD
LG