Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyèn yo Mande Kominote Entènasyonal la Travay ak yo pou Kanalize Èd pou Viktim Tranblemandtè yo


Anplwaye Lopital Pòdepè yo kap pote asistans bay viktim tranblemandtè 6 oktòb 2018 la. Foto: REUTERS/Ricardo Rojas
Anplwaye Lopital Pòdepè yo kap pote asistans bay viktim tranblemandtè 6 oktòb 2018 la. Foto: REUTERS/Ricardo Rojas

Sant ospitalye yo nan nòdwès peyi Dayiti ap lite pou pote asistans bay moun ki viktim tranblemandtè 5 pwen 9 ak plizyè replik ki frape rejyon an depi samdi 6 oktòb 2018 la.

Moun kap pran swen anba tant devan lopital Pòdepè a apre tranblemandtè 6 oktòb 2018 la. Foto: REUTERS/Ricardo Rojas
Moun kap pran swen anba tant devan lopital Pòdepè a apre tranblemandtè 6 oktòb 2018 la. Foto: REUTERS/Ricardo Rojas

12 moun mouri pou pipiti ak plis pase 180 lòt blese. Doktè ak enfimyè nan lopital Imakile konsepsyon di yo pa gen ekipman nesesè pou trete blese yo. Prezidan Jovenel Moise ki te vizite zòn afekte dimanch 7 oktòb mande popilasyon an gade kalm li.

Prezidan Jovenel Moise mande kominote entènasyonal ak òganizasyon non-gouvènmantal yo pou travay ak gouvènman an dirèkteman yon fason pou asistans yo al jwen moun ki nan bezwen yo.

XS
SM
MD
LG