Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Tranblemandtè 4.3 Kreye Panik nan Mitan Popilasyon Depatman Sant la


Grafik jenerik Tranblemantè
Grafik jenerik Tranblemantè

Medya yo ann Ayiti releye enfòmasyon otorite sismològ ak anviwonman yo pibliye pou di yon tranblemandtè 4 pwen 3 sou echèl Richter frape zòn Plato Santral la pandan wikenn nan.

Otorite yo poko di si wi ou non gen dega materyèl ak pèd an vi imèn. Korespondan Lavwadlamerik depi vil Hench, Josue Joseph, di soukous la ki te dire sèlman kèk segond rive nan vil la vè 4 trè 15 nan aprè midi, e li te kreye anpil panik nan mitan popilasyon an.

Tranblemandtè rete yon move souvni nan memwa popilasyon ayisyèn nan ki nan an janvye 2010 te viktim yon gwoudougwoudou ki te touye plis pase 200 mil moun nan kapital peyi a, Pòtoprens.

klike sou lyen odyo a ki anba tèks la pou tande yon repòtaj Josue Joseph depi vil Hench sou tranblemandtè samdi 2 septanm 2017 la.

Yon Repòtaj Josue Joseph depi Vil Hench
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:13 0:00

XS
SM
MD
LG