Accessibility links

Breaking News

Èske Ayiti Ta Dwe Remèt Bay Sen Domeng yon Ayisyen yo Akize pou Krim?


Ayisyen ki sou fwontyè Ayiti ak Sen Domeng pandan jou mache nan Malpasse, Ayiti. Foto achiv: 18 jen 2015.
Ayisyen ki sou fwontyè Ayiti ak Sen Domeng pandan jou mache nan Malpasse, Ayiti. Foto achiv: 18 jen 2015.

Yon ensidan ki ta rive tou pre vil Pedernales, nan sid-wès peyi Panyòl e kap sikile nan medya ayisyen yo ta fè kwè yon sitwayen ayisyen ki ta kounye a nan men lajistis ayisyen ta anba akizasyon kòmkwa li ta touye yon koup dominiken paske li te travay pou yo e yo pat vle peye l lajan l kòm sa dwa. Sepandan, anpil obsèvatè ap poze kesyon pou konnen èske otorite yo ann Ayiti ta dwe voye yon sitwayen ayisyen yo akize nan Sen Domeng al jije pou krim li ta fè sou teritwa panyòl yo nan Sen Domeng.

Daprè enfòmasyon ki sòti Pòtoprens, Minis Afè Etranjè a, Antonio Rodrigue, sanble atache anpil enpòtans nan sitiyasyon kap devlope nan Pedernales la aprè lanmò koup dominiken an ak kondwit konpatriyòt yo vizavi imigran ayisyen ki nan zòn nan. Dènye nouvèl yo fè konnen anviwon 250 fanmi ayisyèn prese kite zòn nan pou yo antre nan vil Ans-A-Pit ki an fas Pedernales la, dekwa pou yo pa viktim zak revanj dominiken yo ki te bay tout ayisyen nan vil la 24 trè tan pou yo rantre ann Ayiti (yon delè ki tap bout lendi 12 mas 2018 la).

Minis Rodrigue, --ki tap pale ak laprès jedi 15 mas 2018 la de negosyasyon ki dewoule sou sitiyasyon an ant otorite 2 peyi yo-- swadizan demand Repiblik Dominikèn ta fè pou Ayiti voye tounen nan Panyòl sitwayen ayisyen Edner Noêl yo akize pou krim koup dominiken--raple pa gen yon trete dekstradisyon ant 2 peyi yo; e, menm si genyen kowoperasyon ant Pòtoprens ak Santo-Domingo nan divès domèn tankou, pa egzanp, sou plan jiridik la, dominiken yo ta genyen pou yo franchi divès etap anvan pou Ayiti ta anvizaje posiblite pou l voye akize a bay lajistis dominikèn pou jijman.

Lòt nouvèl ki sòti Jakmèl, chèf-lye Depatman Sidès la kote Edner Noêl fèmen nan prizon, fè konnen komisè gouvènman an, Mèt Françoise Morailles, mete opozisyon pou lajistis ayisyèn pa satisfè demand domiken yo si yo pa ranpli sèten kondisyon.

XS
SM
MD
LG