Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Depaman--Favorab e Mwen favorab--Sou Rankont Ayiti-Repiblik Dominikèn Wanament la


Haiti Rebuilds Slowly Under New Government, Prime Minister
Haiti Rebuilds Slowly Under New Government, Prime Minister
Sektè politik ayisyen yo reyaji yon fason depaman sou premye rankont bilateral 7 janvye ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan Wanament la.
Plizyè responsab politik, pami yo senatè Andris Riché ak Franky Exius---responsab komisyon sekirite ak jistis panse se yon bon inisyativ dyalòg sa a. Sepandan, misye Exius kwè gouvènman ayisyen an ta dwe entegre lòt sektè nan Komisyon bilateral la paske gen nan kesyon kap debat nan chita-pale yo ki pa antre nan "chan konpetans" sèten nan delege yo. E misye Exius pa kache pesimis li sou kesyon sa a.
Senatè Riché--vis prezidan Sena-a, li-menm---mande pou gouvènman antre moun konpetan pou abòde dosye "sitwayen Dominiken-ayisyen Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn nan vle denasyonalize.

Pou plis presizyon, fè yon klik sou ikòn anba e agoch atik la pou n koute repòtaj Rotchild François, Jr. sou dosye sa a.
XS
SM
MD
LG