Sepandan, Kapitèn Louicin Dieudonne ki te pale ak Lavwadlamerik asosye pwoblèm nan ak rezon lojistik kote li di yo pa pakab mete sant enskripsyon nan vil pwovens yo paske se sèl Pòtoprens ki ekipe ak materyèl medikal e pèsonèl yo bezyen pandan pwosesis rekritman an.
Enskripsyon yo pran fen madi 25 jiyè 2017 la, e reponsab, nan sant rekritman an ki nan lokalite Gresye, gen pou seleksyone 500 sou plis pase 2000 kandida ki deja enskri pou entegre nouvèl fòs zame a. Kapitèn Dieudonne fè konnen gen plizyè lòt etap yon kandida dwe franchi anvan pou li vin pami 500 manm sa yo.
Opozisyon ak fòmasyon nouvèl lame a ann Ayiti
Anpil palmantè di klèman Ayiti pa pare pou l kreye yon nouvèl fòs zame. Se opinyon Senatè depatman Nip la, Nenel Cassis, ki deklare, peyi a pa gen mwayen ekonomik pou finanse yon lame e ke gouvènman Moise/Lafontant an gen yon lòt objektif ki se pito kreyasyon yon milis pou kosolide e defann ak fòs enterè politik li.
Depite Joseph Manes Louis bò kote pal di li t ap pibon si responsab yo te chwazi ranfòse polis nasyonal la de preferans. Reprezantan pati Politik RDNP a, Jean Borgart, nan vil Boston, fè konnen lame Dayiti pa yon priyorite pou peyi a.
Antonal Mortime, manm òganizasyon dwazimen Defansè Plis, di gouvènman ayisyen an te dwe diskite ak tout sektè nan peyi a avan pou yo te lanse pwosesis pou rekreye lame a rejim Lavalas la te demobilize nan mitan ane 90 yo.
Pou kounye a, yon gwoup depite ki eksprime enterè pou jwenn plis enfòmasyon nan men gouvènman an sou dosye lame a ekri prezidan chanm bas la pou mande l entèpele minis Defans la, Herve Dennis, pou vinn reponn sou kesyon yo genyen sou remobilizasyon fòs zame a
Jiska jedi maten 27 jiyè a, Minis Herve di Lavwadlamerik li poko resevwa envitasyon an. Dapre règleman yo nan pale lejislatif la, yon majorite 2 tyè pami 117 depite nesesè pou revoke minis la si yo pa satisfè ak eksplikasyon li ta bay pandan seyans la.