Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Chili a Deside Ede Imigran Ayisyen Ki Vle Retounen Lakay yo Volontèman


Plizyè sitwayen ayisyen ki kape devan Anbasad Chili a ann Ayiti kote yo vin fèè yon demand viza pou ale nan peyi Chili.
Plizyè sitwayen ayisyen ki kape devan Anbasad Chili a ann Ayiti kote yo vin fèè yon demand viza pou ale nan peyi Chili.

Gouvènman chilyen an kontinye ap travay sou yon plan pou l ede ayisyen k ap viv nan peyi a retounen ann Ayiti volontèman.

Selon vis minis enteryè chilyen an Rodrigo Ubilla, pami posibilite dirijan yo diskite se itilize yon avyon transpò prezidans la ki kapab transpòte 188 pasaje. Dapre vis minis enteryè a apati de mwa oktòb, yo pral louvri yon rejis enskripsyon espesyal pou enskri tout ayisyen ki vle retounen nan peyi dorijin yo ak angajman pou yo pa retounen o Chili pandan 10 zan.

Sa pa gen lontan yon group ayisyen, k ap viv o Chili, te mande gouvènman an yon asistans finansye pou retounen ann Ayiti poutèt gwo difikilte ekonomik yap konfwonte nan peyi Amerikdi Sid la.

XS
SM
MD
LG