Accessibility links

Breaking News

44 Mil Migran Ayisyen O Chili Enskri pou Regilarizasyon Estati yo

 Minis ayisyen kap viv aletranje yo, Guy André Junior François ak tokay chilyen li Andrés Chadwick. nan Chili, 31 me 2018.
Minis ayisyen kap viv aletranje yo, Guy André Junior François ak tokay chilyen li Andrés Chadwick. nan Chili, 31 me 2018.

Minis ayisyen kap viv aletranje yo Guy André Junior François twouve l nan peyi Chili nan kad demach sou dosye regilasyon resòtisan ayisyen kap viv lòtbò a. Minis François rankontre Minis Enteryè chilyen an Andrés Chadwick sou dosye ayisyen yo.

44 mil ayisyen deja enskri pou regilarizasyon stati yo, dapre titilè MAHVE la ki te pwofite rankontre lidè kominote ayisyèn nan nan Chili.

Minis ayisyen kap viv aletranje yo Guy André Junior François rankontre ak sitwayen ayisyen Richard Joseph (agoch) ki tounen yon ewo apre li sove yon dam ki soti tonbe depi 9e etaj yon bilding, epi li trape l ak 2 bra l . Richard Joseph ap viv depi 3 zan n

Minis François rankontre ak sitwayen ayisyen Richard Joseph ki tounen yon ewo apre li te sove yon dam ki degringole depi 9e etaj yon bilding, epi li trape l ak 2 bra l . Richard Joseph ap viv depi 3 zan nan peyi Chili.

XS
SM
MD
LG