Accessibility links

Breaking News

Moun nan Okay Mande Konstriksyon yon Nouvo Mache Avan Destriksyon Mache Kay Fè a


 Yon boutik nan vil Okay. Foto achiv: 15 okòb 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares - S1BEUHDJBRAA
Yon boutik nan vil Okay. Foto achiv: 15 okòb 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares - S1BEUHDJBRAA

Machann yo nan vil Okay manifeste kont desizyon gouvènman lokal la pran pou l kraze mache piblik, ki rele amche Kay Fè a. Manifestan yo mande responsab yo konstrui yon lòt mache avan.

Majistra vil Okay la Gabriel Fortuné te anonse desizyon pou kraze Mache Kay Fè a, yon sityasyonki mete li fas-a fas ak machann yo ki di yo pa gen pwoblèm pou premye sitwayen vil pran desizyon sa a men fòk li bati lòt plas pou yo.

Machann yo ki te vle fè majistra a tande vwa yo pran lari madi 15 me 2018 la pwoteste kont pwojè kraze mache a. Pandan maniifestasyon an tap dewoule, Mesye Fortuné te vin ap pase nan machin li kote li manke viktim anba kolè machann yo. Prezans lapolis te rive kalme sitiyasyon, pou n site korespondan Lavadlamerik Jean Ernst Eliscar.

Klike sou lyen odyo a pou w tande repòtaj Jean Ernst Eliscar la sou dosye sa a.

Yon repòtaj Jean Ernst Eliscar sou dosye Mache Kay Fè a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:28 0:00

XS
SM
MD
LG