Accessibility links

Breaking News

Èske Moun ki Gen TPS Kap Mande Azil o Kanada yo Kapab Tounen Ozetazini? Avoka Larry Fleurantin Ap Reponn


Yon fanmi ki di se ayisyen yo ye ki rive devan polisye kanadyen yo sou fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn Champlain, New York. 3 out 2017. (Foto: REUTERS/Christinne Muschi)
Yon fanmi ki di se ayisyen yo ye ki rive devan polisye kanadyen yo sou fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn Champlain, New York. 3 out 2017. (Foto: REUTERS/Christinne Muschi)

Plizyè ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ap kite Etazini pou yo travèse frontyè ilegalman pou yal mande azil nan peyi Kanada, poutèt yo krenn pou otorite imigrasyon amerikèn yo pa tèmine TPS la lè l rive nan bout li nan mwa janvye 2018 la.

Si imigran ayisyen sa yo pa ta jwenn azil o Kanada, yap retounen yo nan peyi dorijin yo Ayiti, dapre deklarasyon depite Kanadyen Emanuel Dubourg ki te antre Ozetazini semen a pase kote li te reponn kesyon korespondan Lavwadlamerik Nazon Bauliere sou yon kanpay li te vin mennen nan kominote ayisyèn nan pou l di yo, “Li pap nan avantaj yo si yo deside travèse fwontyè Etazini ak Kanada ilegalman.”

Si moun sa yo pa jwenn azil o Kanada, èske gen posiblite pou yo retounen Ozetazini?

Avoka imigrasyon Larry Fleurantin depi Miami nan eta Florid te reponn divès kesyon sou dosye sa a nan segman espesyal Justice-USA Lavwadlamerik la nan mikwo Ronald Cesar.

Klike sou videyo a pou kapab tande repons Mèt Larry Fleurantin nan mikwo Ronald Cesar.

Entèvyou Avoka Larry Flerantin bay Lavwadlamerik sou dosye ayisyen kap mande azil O Kanada yo.
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:22 0:00

XS
SM
MD
LG