Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Otorite Maritim yo Entèdi Batiman Vwayaje Lannuit Apre Dènye Aksidan Latòti a


Yon bato ayisyern ki chaje ak moun sou lanmè nan Florid. Foto achiv
Yon bato ayisyern ki chaje ak moun sou lanmè nan Florid. Foto achiv

Delege Depatmantal Nòdwès la Owell Theock deklare jiska prezan sekouris yo poko jwenn oken kadav pami 12 pasaje ki disparèt depi semen pase a abò yon kanòt.

Selon delege a yo pral mande lòt peyi nan rejyon an pou enfòme yo sizoka yo ta dekouvri kadav enkoni nan dlo teritoryal yo. Nan yon rankont, ki te dewoule madi 27 mas la ant SEMANAH ak otorite lokal yo, patisipan yo deside pou entèdi bato kabotaj yo kite pò yo apre 5è nan apre midi.

Yo egzijetou pou tout batiman sa ka asire transpo genyen jilè sovtaj epi limite kantite pasaje batiman sa yo kapab transpòte.

XS
SM
MD
LG