Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Machann Mache an Fè ak Dipò Ap Mande Leta Kredi pou Relanse Komès yo


Mache an Fè a ou (Hypolite) ki te bouel 13 fevriye 2018 la.
Mache an Fè a ou (Hypolite) ki te bouel 13 fevriye 2018 la.

Machann viktim mache boule yo mande gouvènman an ede yo jwenn kredi pou remete komès yo rekanpe sou pye nan moman Primati a ap kontinye ak pwosesis sibvansyon pou soulaje pèn yo.

Premye Minis Jack Guy Lafontant bò kote pal rekonèt se fay ki gen nan leta a ki lakoz yon seri dife ap boule mache konsa. Chèf gouvenman an renouvle angajman ekip li a pran pou pote solisyon ak pwoblem yo nan bati wout, enfrastriti ak enèji elektrik.

Biwo premye minis la distribye yon chèk ak kit alimantè bay yon total 900 machann mache Dipò ak mache an Fè a (Hyppolite) mekredi 14 mas 2018 la a. Kèk nan Machan viktim yo ki te pale nan mikwo laprès mande gouvènman an pou ba yo aksè a kredi nan bank yo yon fason pou kapab relanse biznis yo toutbon vre.

XS
SM
MD
LG