Accessibility links

Breaking News

Depatment Deta Avize Ameriken pou Pa Vwaye ann Ayiti Akoz Dènye Deblozay Pòtoprens yo


Nòt la di Pa vwayaje ale an Ayiti akoz krim ak rebelyon sivil ki eklate nan peyi a. Gen yon mouvman rebelyon sivil ak manifestasyon violan ki gaye an Ayiti. Moun ap proteste, yap boule kawoutchou e yo plase barikad nan lari, yon bagay ki rann sitiyasyon-an enprevizib.

Nan dat 9 juyè 2018 la, gouvenman ameriken-an otorize depa anplwaye nan misyon diplomatik yo ki pa esansyèl ak tout fanmiy yo. Depatman deta pral revize avi sa a ofiramezi otorite yo ap rezoud pwoblèm sekirite nan peyi a . Krim violan tankou vol zam a la men se yon bagay ki fèt souvan e polis lokal la byen kapab pa gen resous ki nesesè pou l fè fas komsadwa ak gwo ensidan kriminèl sa yo mete ak sitiyasyon durjans.

Nòt la kontinye pou l di menm nan sikonstans nòmal gouvenman ameriken an gen yon kapasite limite pou l pote sèvis dijans bay sitwayen ameriken ki twouve yo nan divès rejyon peyi dayiti. Pèsonel anbasad amerikèn nan te resevwa pemisyon nan men responsab sekirite andedan misyon diplomatik la anvan yo avantire yo nan kek katye nan Potoprens.

XS
SM
MD
LG