Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chanm Depite a Egzije Demisyon 3 Manb Gouvènman an


Ann Ayiti, rezolisyon palman an adopte pou mande demisyon 3 manb gouvènman an ak Komisè gouvènman an kontinye fè aktyalite .

Kèk semèn apre enstalasyon gouvènman Premye Minis Garry Conille ap dirije a—yon konfli ap devlope ant pouvwa ekzekitif, jidisyè ak lejislativ la apre arestasyon e liberasyon depite « an fonksyon » Arnel Belizaire.

2 chanm Asanble Nasyonal la vote separeman pou mande demisyon Minis Jistis la, Josue Pierre Louis, Minis defans la, Thierry Mayard Paul, sekrètè deta Afè Etranjè a, Michel Brunache ak Komisè gouvènman a.i Pòtoprens la, Felix Leger, ki sanble ta gen pou wè ak arestasyon depite a kòm sovadò nan prizon---yon evazyon ki remonte nan 2005.

Minis Jistis la di li pa gen anyen pou l wè ak arestasyon depite a

Korespondan nou Clarens Renois reponn kesyon Jean Robert Philippe ki di nou obsèvatè yo ap tann sa ki pral pase ant pouvwa ekzekitif la ak pouvwa lejislatif la.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute entèvyou Clarens avèk Jean Robert.

XS
SM
MD
LG