Accessibility links

Breaking News

'Eritaj Revolisyon Ayisyèn' Se Tèm yon Inivèsite Ozetazini Chwazi pou Selebre Istwa Moun Nwa yo


Yon jwè baskètbòl nan Boston ki gen yon mayo ki ekri Black History Month, ki vle di mwa yo selebre Istwa Moun Nwa yo Ozetazini. Foto: Premye fevriye 2017.
Yon jwè baskètbòl nan Boston ki gen yon mayo ki ekri Black History Month, ki vle di mwa yo selebre Istwa Moun Nwa yo Ozetazini. Foto: Premye fevriye 2017.

"Eritaj Revolisyon Ayisyèn ak Pwezi Enspire" se tèm yon konferans nan University Wayne, nan kad selebrasyon Mwa Istwa Moun Nwa yo pou ane 2018 la. Lekòl Detroit a te asosye avèk Gwoup Rezo ayisyen Detroit pou konferans Madi 27 fevriye 2018 la nan Spencer M. Partrich Auditorium.

Istoryen ak otè Millery Polyne ki se otè liv, ki gen tit anglè "From Douglass to Duvalier: U.S. African Americans, Haiti and Pan Americanism, 1870-1964."ou "De Douglass a Duvalier, Nwa Ameriken yo, Ayiti ak Pan Ameriken 1870-1964, e byen Mesye Polyne pral fè diskou istorik sa a nan University Wayne; antre a gratis pou tout moun alawonbadè.

"Òganizatè yo di pwogram nan ap ede make 2 syèk depi Ayiti te deklare endepandans li nan men Lafrans.

Depi apre 1976 prèske tout prezidan ameriken toujou chwazi mwa fevriye a kòm mwa yo selebre istwa moun nwa yo chak ane Ozetazini. Nan lòt peyi tankou Grand Bretay ak Kanada gen yon mwa tou pou selebre istwa moun nwa yo nan lemond.

XS
SM
MD
LG