Accessibility links

Breaking News

FMI ak BID Manifeste Enterè pou Sipòte Pwogram Sosyal Gouvènman Jovenel Moïse la


Pasan kap mache pezibleman pou al regle ativite yo nan moman kawochou tap boule nan Pòtoprens. 9 jiyè 2018.(Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Pasan kap mache pezibleman pou al regle ativite yo nan moman kawochou tap boule nan Pòtoprens. 9 jiyè 2018.(Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Sou mesaj prezidan ayisyen an Jovenel Moïse mete sou paj Twitter li montre yon rankont ki te dewoule nan Palè Nasyonal ant li menm ak premye minis nome a Mèt Jean Henry Céant ak 2 reprezantan entènasyonal FMI, Fon Monetè Entènasyonal e BID, Bank Entè Amerikèn Devlopman.

Rankont sa dewoule mèkredi 22 out la sou kowoperasyon ak sipò pou pwogram sosyal ki vize soulaje popilasyon ayisyèn nan ki nan bezwen dapre menm tweet prezidan an.

Nan mwa pase yo, FMI te fè gouvènman Moïse/Lafontant an egzijans pou sispann sibvasyone enpòtasyon gaz la ki se youn nan kondisyon pou patnè finansye entènasyonal li yo ede li yon fason pou l ka gen fon pou envesti nan pwogram sosyal yo. An konsekans, nan kòmansman mwa jiyè a, gouvènman ayisyen an te eseye vrèman vre mete fen nan sibvansyon acha gaz la; li te soti yon kominike ki anonse yon ogmantasyon sou tout pwodui petwolye yo.

Desizyon sa a te kreye kolè nan mitan popilasyon nan, sitou nan Pòtoprens ki te pran lari 6 ak 7 jiyè 2018 pou manifeste e fòse gouvènman an anile kominike li a. Premye minis alepòk la Jack Guy Lafontnat, pat pran tan pou l anonse anilasyon kominike ki te fè kwè leta mete anviwon 40 a 50 pou san sou pri pwodui petwolye yo.

Vyolans ak piyaj ki te anrejistre nan Pòtoprens 6 ak 7 jiyè a te fin pa debouche sou demisyon Jack Guy Lafontant nan tèt gouvènman an jan sektè komès la, prensipal viktim evenman sa yo tap mande l la. Pou kounye a, gouvènman Lafontant an ap likide afè kourant pandan Mèt Céant ap tann fen etid dosye li yo nan Palman avan li antre nan yon lòt fas sou ratifikasyon li.

Pou plizye obsèvatè, gouvènman ayisyen pat oblije monte pri gaz la yon sèl kou sou mache a. Tankou jan Anbasadè Kenneth Merten, nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, te mansyone li kote li di, " Yo te ka monte gaz la ti kras pa ti kras." Sou sekretè adjwen prensipal pwovizwa pou Depatman Deta a, Kenneth Merten rekonèt Ayiti bezwen asistans patnè finasye entènasyonal li yo.

Anbasadè Kenneth Merten Panse Gouvènman Ayisyen an Pat Dwe Monte Gaz la yon Sèl Kou
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:51 0:00

Ekonomis Etzer Emile pataje menn avi a nan yon entèvyou ak anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jacquelin Belizaire nan Pòtoprens kote li deklare, " Non sèlman gouvènman an pat oblije ogmante gaz la brit sou kou, men tou leta ayisyen dwe gen pwòp estrateji pal akote obligasyon patnè finasye li yo."

Enstabilite Politk Pi Gwo Endikap Devlopamn Peyi Dayiti Dapre Ekonomis Etzer Emile
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:52 0:00

Pou yon gwoup jèn ki te pale ak Lavwadlamerik nan Pòtoprens, " Gaz la se yon pwodui transvèsal, lè ou monte l 40 a 50 pou san yon sèl kou, pri pwodui nesesite ak tout lòt bagay vin sibi yon ogmantasyon menm jan a tou.

Pòtoprens te reprann kalm li apre deblozay 6 ak 7 jiyè yo suit ak anons gouvènman an, ki tap eseye yon sèl kou satisfè egzijan FMI te fè li, lè li te ogmante pri gaz la yon sèl kou.

Sepandan Prezidan Jovenel Moïse nan mesaj Twitter li a pa mansyone si wi ou non FMI modifye egzijans li te fè leta ayisyen anvan pou l jwenn asistans finasye entènasyonal.

XS
SM
MD
LG