Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Minis Finans lan ak Gouvènè Bank Santral la fè Depozisyon yo Devan Komisyon Finans Sena a


Minis Finans ayisyen an, Lermercier George, ak Gouvènè Bank Santral la ,Charles Castel , fè depozisyon devan komisyon finans Sena a pou fè limyè sou rate dola ki gen sou mache a.

Nan konferans pou laprès mesye Castel bay semèn pase a sou dosye sa a , li fè konnen transfè lajan pou ONG ki nan peyi a, tranzaksyon komèsyal avèk repiblik dominiken se prensipal rezon ki eksplike rate biyè vèt la.

Ekonomis ayisyen, Paul Latortue, ki reyaji sou dosye sa a pataje menm opinyon ak gouvènè Castel. Mesye Latortue ki deklare « se yon fo pwoblèm » ankouraje otorite yo ayisyèn ankouraje mwayen modèn pèman.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG