Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pa Gen Yon Pwoblèm Kòb, Gen yon Pwoblèm Rate Biyè Bank


Komisyon finans sena ayisyen an, ap tande kounye a minis finans ayisyen an, Lemercier George, ak gouvènè bank santral la, Charles Castel, sou dosye rate biyè lajan ameriken nan peyi a.

Nan konferans pou laprès mesye Castel bay semèn pase a sou dosye sa a , li fè konnen transfè lajan pou ONG ki nan peyi a, tranzaksyon komèsyal avèk repiblik dominiken se prensipal rezon ki eksplike rate biyè vèt la.

Ekonomis ayisyen, Paul Latortue, ki reyaji sou dosye sa a pataje menm opinyon ak gouvènè Castel. Mesye Latortue ki deklare « se yon fo pwoblèm » ankouraje otorite yo ayisyèn ankouraje mwayen modèn pèman.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute deklarasyon ekonomis Paul Latortue ki baze nan Potoriko.

XS
SM
MD
LG