Accessibility links

Breaking News

Gwoup G20 an Pwomèt yon Repons Òganize pou Akselere Ekonomi Mondyal la


Gwoup G20 an Pwomèt yon Repons Òganize pou Akselere Ekonomi Mondyal la
Gwoup G20 an Pwomèt yon Repons Òganize pou Akselere Ekonomi Mondyal la

Responsab nan peyi ki pi rich yo ak sa yo ki fèk antre nan sistèm ekonomi mondyal la, gwoup G20 an, pwomèt pou yo lanse yon repons òganize pou akselere ekonomi mondyal la k ap lite.

Minis finans yo ak dirijan bank santral yo pibliye yon deklarasyon, nan Washington, apre mache bousye mondyal yo te fin plonje anvan sa nan jounen an, nan moman gen kè sote kòmkwa ekonomi mondyal la ka ap mache pou antre nan yon resesyon.

Dirijan G20 yo fè konnen yo pwal pran “tout aksyon ki nesesè” pou yo prezève estabilite sistèm bankye yo nan asire ke yo gen ase kapital, e ke gen ase mwayen pou yo jwenn kapital.

XS
SM
MD
LG