Accessibility links

Breaking News

Gwo Sezi Dwòg nan Peyi Meksik


Lame sezi apeprè 840 tòn metrik pwodui chimik ki sèvi pou fabrike metanmfetamin
Lame sezi apeprè 840 tòn metrik pwodui chimik ki sèvi pou fabrike metanmfetamin

Lame sezi apeprè 840 tòn metrik pwodui chimik ki sèvi pou fabrike metanmfetamin o Meksik; se youn nan pi gwo sezi konsa otorite yo fè jiskaprezan nan peyi a.

Depatman Defans meksiken an di sòlda yo dekouvri yon pakèt materyo ki te ransanble nan yon depo nan Eta Queretaro, nan pati sant-nò Meksik.

Yon espesyalis nan kesyon sekirite di “sezi sa a, ke yo fotografye, montre moun yo t ap sèvi ak teknik endistriyèl pou yo pwodui dwòg nan yon depo”.

Yon lòt kote, depatman jistis Lèzetazini fè konnen prèske 2 mil moun jwenn arestasyon yo nan peyi a pou kesyon trafik dwòg e sitou nan kad yon ankèt ki t ap fèt depi 20 mwa sou katèl yon dwòg meksiken pwisan ki rele “La Familia”.

Nan ane 2006, Prezidan Felipe Calderon te lanse yon operasyon sere-boulon ak lame a kont katè dwòg meksiken yo ki, byen souvan, fè dwòg pase anba chal sou fwontyè a pou distribisyon sou mache ameriken an.

Depi kanpay sere-boulon sa a sou pye, plis pase 41 mil moun pèdi lavi yo nan vyolans ki makonnen ak akivite gang dwòg meksiken yo.

XS
SM
MD
LG