Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konseye Prezidan Martelly, Damian Merlo, Deklare Se Dyalòg K ap Rezoud Kriz Politik la


Jacques Jean-Baptiste k ap abòde pwen k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti pandan yon chita koze ak youn nan gwo konseye prezidan ayisyen-an, Damian Merlo.
Jacques Jean-Baptiste k ap abòde pwen k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti pandan yon chita koze ak youn nan gwo konseye prezidan ayisyen-an, Damian Merlo.

Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, opere vandredi pase nan zepòl pou yon pwoblèm ki t ap fatige l depi kèk tan. Entèvansyon sa a rive nan moman administrasyon li an ap fè fas ak yon kriz ki mete bab-pou-bab branch lejislatif la ak branch ekzekitif la pa branch jistis la entèpoze.

Damian Merlo, se yon non e yon pèsonalite petèt nou pa tande souvan sou lèzond ni nan milye ayisyen yo nan peyi Dayiti ni nan dyaspora a. Poutan, misye Merlo, se youn nan vwa ki genyen zòrèy prezidan an, Michel Martelly. Nan milye enfòme yo, li pase pou atizan viktwa kandida Pati Repons Peyizan an nan eleksyon prezidansyèl e lejislatif ane sa a.

Kounye a, li se Gwo konsye Prezidan Martelly. E se pou tit sa a ak wòl li, Lavwadlamerik te fè yon chita-koze avè l sou vwayaj-sante misye Martelly ap fè depi semèn pase nan Eta Florid la e, natirèlman, sou lòt pwen k ap domine aktyalite a nan peyi Dayiti.

Toudabò, Eta Sante prezidan ayisyen an !

Ki maladi ki mennen prezidan Michel Martelly Ozetazini eske prezidan an byen?

Selon misye Merlo, misye Martelly pòte li byen. Li pap soufri ak okenn maladi. Li senpleman t al sibi yon ti operasyon nan zèpòl.

Franchman, prezidan an pap soufri ak okenn maladi ! Mwen kwè, sa gen 2 ou 3 zan, li te sòt tonbe pandan li tap jwe foutbòl (tout moun konnen prezidan an se yon gwo fanatik foutbòl… li menm genyen yon ekip) li te pran yon chòk nan zepòl e depi dat la zepòl la ap trakase l. E gen de lè zepòl la fè l mal anpil. Donk, se pa okenn maladi, ni se pa yon gwo operasyon; men se yon operasyon ki te nesesite yo fè 'l yon gwo ensizyon nan zepòl, e sa mande yon bon ti tan konvalesans. Se sa k fè li rete pou dezoutwa jou nan Miami pou l reprann kò li. Li opere vandredi pase. Mwen kwè l ap retounen lakay li vè fen semèn nan."

Misye Merlo anonse prezidan Michel Martelly konte al patisipe nan yon sware pou l kolekte fon lajan pou pwogram edikasyon li an—yon pwogram ki nan tèt ajenda lidè ayisyen an e ki reprezante, selon li, pi gwo reyalizasyon 5 premye mwa gouvènman li a.

"Li sipoze patisipe nan sware «levée de fonds-an » samdi swa. Se Fondasyon « Happy Heart-Kè Ere » ki mete li sou pye e yo espere ranmase jiska 10 milyon dola pou fon edikasyon an ann Ayiti. E mwen kwè mwatye nan kèlkeswa lajan yo ranmase a, prale direkteman nan Fon Edikasyon an ki se youn nan “akonplisman” li pandan premye 5 mwa administrasyon li an, kote li rive voye lekòl 772.000 timoun lekòl--- youn nan prensipal priyorite li yo ---- akote atire envestisman dirèk, kreye travay ak rekonstriksyon".

Sepandan, misye Martelly ap finanse pwogram sa a gras yon prelevman $0.50 frè sou apèl telefonik ayisyen ap fè nan direksyon peyi Dayiti. Frè sa a kreye anpil polemik nan mitan sitwayen ayisyen òdinè yo ak nan klas politik ayisyen an. Senatè ak Depite yo reklame yon pwojè-lwa pou legalize pwojè prezidan an pou evite, yon pa, lajan an fè chimen kwochi e, yon lòt pa, lejislatè yo deklare “depi Leta deside pran taks sou kontribyab”, sa nesesite yon lwa. Sou sijè sa a, konseye Damian Merloo reponn:

"Se yon frè ki frape apèl telefonik nan direksyon Ayiti. Kidonk, sa pa afekte dyaspora a dirèkteman, ni okenn lòt moun. Se konpayi telefòn yo ki, pou pifò, peye frè sa yo. Men anfend'kont, sa pwogram sa a ap fè (bagay moun pat janm wè anvan ann Ayiti) se mete timoun lekòl. Nou ka fè deba pou konnen ki lwa ki ta dwe adopte, men finalman 772 mil timoun ki pa ta pral lekòl ane sa a, jwenn optònite pou yo ale lekòl; san di petèt, mezi prezidan an mete an plas la, se nan avantaj timoun yo."

Senatè ak Depite yo reklame yon pwojè-lwa pou legalize pwogram prezidan an. Premyèman, pou evite lajan an fè chimen kwochi e, dezyèmman, pou konnen kijan lajan an ap depanse. Lejislatè yo di “depi Leta deside pran lajan nan men kontribyab”, sa nesesite yon lwa. Misye Merlo souliyen se timoun ayisyen yo k ap benefisye pwogram sa a.

Kesyon an kounye a se: eske depi se timoun yo k ap benefisye sa vle di prezidan Martelly pa bezwen yon lwa? Eske sa vle di prezidan Martelly pral meprize egzijans palmantè yo ? Konseye Damian Merlo reponn:

Lajan an ap finanse “enstriksyon” timoun yo. 120 dola pa ane pou chak timoun, pou skolarizasyon ak kantin ; mwen pa genyen detay diskisyon sa yo, men si genyen yon kèlkeswa lwa ki ta merite pibliye, mwen kwè ekip prezidan an ap trè kontan travay sou sa.

Kesyon Palman an ak koze taks la, vinn lage n direkteman nan kriz ki mete dozado Chanm depite a, Sena a ak ekzekitif la apre arestasyon (epi liberasyon) depite Arnel Bélizaire wikenn pase a. Devlopman sa a rive apre yon altèkasyon ki te genyen kèk jou anvan ant Prezidan Michel Martelly ak depite Bélizaire.

Apre ensidan (e apre prezidan Martelly te deklare genyen palmantè ki ann afè ak lajistis nan chanm depite a) komisè gouvènman a.i, Felix Leger, te voye manda arestasyon dèyè depite Bélizaire ki benefisye iminite antanke palmantè. Sa ki vle, selon lejislatè ak òm de dwa yo, arestasyon li a ilegal.

Mezi sa a pwovoke anpil pawòl-anpil nan 2 chanm Asanble Nasyonal la ki reklame demisyon 3 manm gouvènman premye Minis Garry Conille ap dirije a; pami-yo, minis enteryè a, Thierry Mayard Paul; Sekretè Deta afè etranjè a, Michel Brunache ak minis jistis la, Josué Pierre-Louis. Depite yo menase pou yo revoke minis sa yo, lè 49 èm lejislati a relouvri nan mwa janvye a, si yo pa demisyonnen.

Lidè politik ak manm Sosyete Sivil la kondane arestasyon depite a e yo egzòte pouvwa egzekitif la prezante Chanm Depite a ekskiz pou kriz la pa vinn pi grav e, konsa, evite yon kriz gouvènmantal Ayiti pa bezwen nan moman nou ye la a.

Ki repons Damian Merlo, konseye prezidan Martelly, sou pwen sa a ?

Mesye Merlo di:

"Tankou mwen di li deja, n ap rasanble eleman yo pou n konnen ki sa k pase. Nou dwe rezoud sitiyasyon sa a nan dyalòg ak palmantè yo... gade tou sa k te pase pandan 3 dènye jou yo. Egzaminen tout fè yo. Nou pa pral pwononse okenn jijman. Nou pa pral fè okenn kòmantè sou kesyon sa a. Yon lòt fwa ankò, nou dwe rete tann nou genyen tout eleman yo. Pandan n ap pale la a, nou kontinye ap rasanble tout enfòmasyon yo."

Damian Merlo, Gwo konseye Prezidan Michel Martelly, vizibleman pridan, k ap evite fè plis kòmantè sou kriz la.

Li di: "nan peyi Dayiti, souvan, gen anpil rimè k ap kouri pou di « entèl fè sesi, entèl di sela ». Donk, ekip prezidan an—avan yo tire kèlkeswa konklizyon an—ap rasanble enfòmasyon pou konnen egzateman sa k te pase e kijan sa te pase."

Deklarasyon konseye prezidan Martelly a, Damian Merlo, Jacques Jean-Baptiste te rekòlte madi premye novanm nan, nan stidyo Lavwadlamerik, Washington, DC

XS
SM
MD
LG