Accessibility links

Breaking News

Gwo Inodasyon Frape Eta Bahia o Brezil


Moun vil Itapetinga nan eta Bahia o Brezil netwaye kay yo apre yon gwo inondasyon, Madi 28 Dec. 2021.
Moun vil Itapetinga nan eta Bahia o Brezil netwaye kay yo apre yon gwo inondasyon, Madi 28 Dec. 2021.

Yon total 116 vil nan eta Bahia ki sitye nan nòdès peyi Brezil ap soufri akoz gwo inodasyon. Lapli pa sispann tonbe nan rejyon sa a depi fen mwad Novanm nan.

Vil nan omwens 5 lòt eta Brezilyen nan nò ak sidès peyi a sibi inodasyon pandan jou ki sote pase yo tou.

Nan Bahia, inodasyon afekte 400,000 moun. Nan omwens 50 lòt vil, dlo te anvayi kay ak biznis e sa te fòse moun kouri kite kay yo ak tout zafè yo.

Dè dizèn milye moun rete san kay oubyen yon oblije al chache abri. Gen 20 moun ki mouri e 358 ki blese pandan semèn ki pase yo.

XS
SM
MD
LG