4 sòlda deklare yo inosan nan peyi Gwatemala, nan okazyon ouvèti yon pwosè sou masak 1982 kote omwen 250 moun ta mouri.
Masak sa a te rive nan vilaj Dos Erres. 4 sispèk sa yo ki rele Daniel Martinez, Carlos Antonio Carias, Manuel Pop Sun, ak Reyes Collin Gualip, presize, yo te kantone yon lòt kote lè atak sa a te rive.
Pwosè sa a k ap dewoule nan Gwatemala City enskri nan kad efò responsab yo ap deplwaye pou jwenn koupab nan krim lagè pandan gè sivil ant 1966 e 1996 ----yon gè ki te mete fas-pou-fas geriya gochis ak gouvènman an.
Nasyon Zuni di gè sivil Gwatemala-a lakoz lanmò plis pase 200 mil mò ak moun ki disparèt.