Accessibility links

Breaking News

Gwatemala: Lapolis Dekouvri Kadav Prèske 30 Moun


Gwatemala: Lapolis Dekouvri Kadav Prèske 30 Moun
Gwatemala: Lapolis Dekouvri Kadav Prèske 30 Moun

Nan peyi Gwatemala, lapolis fè konnnen omwen 27 moun mouri ak tèt yo koupe nan yon masak ki te fèt sou lizyè fwontyè nò peyi a ak Meksik nan yon rejyon ki chaje ak katèl dwòg.

Daprè menm sous la, 25 gason ak 2 fi mouri sou yon fèm nan vil Caserio La Bomba, nan pwovens Peten.

Lapolis ap mennen ankét pou konnen si atak sa a gen rapò ak asasina Haroldo Leon, frè sispèk bawon dwòg Juan José Leòn, nan pwovens Peten samdi 14 me 2011 la.

Juan Jose Leon te pèdi la vi li nan ane 2008 nan yon anbiskad otorite Guatemala yo lage sou do yon katèl dwòg Meksiken ki rele Zetas.

XS
SM
MD
LG