Nan peyi Gwatemala, Prezidan Alvaro Colom, fè konnen otorite yo poze men sou yon eleman yo sispèk kòm lidè yon gwoup k ap mache touye moun nan peyi a pou yon gang dwòg.
Responsab gwatemaltèk yo akize mesye dèske la touye e koupe tèt preske 30 moun k ap travay nan yon ranch toupre fwontyè Meksik la.
Prezidan Colom di jounalis nèg yo arête a sanble li ta alatèt gwoup ki touye travayè yo. Otorite yo idantifye mesye kòm Elder Estuardo Morales Pineda.
Masak sila a te dewoule nan kòmansman mwa sa a nan pwovens Peten. Responsab gwatemaltèk yo lonje dwèt sou gang dwog Zetas la kap opere nan peyi Meksik.
Ensidan sa a reprezante pi gwo zak asasinay an mass nan peyi Guatemala.