Accessibility links

Breaking News

Guatemala Pral Egzije Viza pou Tout Dominiken Ki Vle Vwayaje Lakay li


2 fanmi Venezyelyen ke yo depote suiv enstriksyon ajan Nasyonal Enstiti Migrasyon ak Gad Nasyonal la kap travay ansanm an pandan yon operasyon sekirite nan eta Chiapas, peyi Meksik, 22 Oktob, 2022.
2 fanmi Venezyelyen ke yo depote suiv enstriksyon ajan Nasyonal Enstiti Migrasyon ak Gad Nasyonal la kap travay ansanm an pandan yon operasyon sekirite nan eta Chiapas, peyi Meksik, 22 Oktob, 2022.

Enstiti migrasyon Guatemala a anonse li pral egzije pou tout touris ki sòti Repiblik Dominiken obteni viza apati mwad Fevriye a. Peyi a site pakèt Dominiken kap rive Guatemala nan wout pou y al Ozetazini.

Yon pot pawòl enstiti a di kantite Dominiken ki antre Guatemala "yon fason iregilye ak objektif pou yo rive Ozetazini ogmante de 104 an 2019 a 1,393 an 2022.

Viza kategori B a, ke yon moun dwe mande nan konsila Guatemala yo pral akòde Dominiken pèmisyon pou yo pase 90 jou nan Guatemala.

Nan mwad Septanm 2021, Guatemala te anonse menm tip viza pou Ekwatoryen yo.

XS
SM
MD
LG