Lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaido, te vizite vil Lond, kapital La Grann Bretay, nan jounen madi 21 janvye a, nan kad yon toune entènasyonal. Objektif toune sa a se pou l relanse yon kanpay kote l ap chache apui pou presyon k ap fèt sou prezidan ilejitim peyi a, Nicolas Maduro, pou l kite pouvwa a. Minis afè etranjè britanik la, Dominic Raab, reafime Lagrann Bretay rekonèt Juan Guaido kòm prezidan pwovizwa lejitim Venezuela e li lanse apèl pou l mande òganizasyon eleksyon tou nèf nan peyi sid-ameriken an.
Juan Guaido defye yon desizyon rejim Prezidan Nicalas Maduro a pran pou entèdi l vizite peyi ki alye ak lidè opozisyon an; entèdiksyon sa a mande, antwòt, pou Misye Guaido pa patisipe nan Somè Ekonomik Mondyal Davos la, nan Laswis. Premye peyi Juan Guaido vizite pandan li te sou wout pou Davos la, se Kolonbi kote li te rankontre, lendi pase a, avèk Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo.
Sa gen yon lane, administrasyon Trump la te enpoze kèk sanksyon trè sevè sou endistri petwolye Venezuela a avèk espwa ke lidè militè peyi a ta pral prese lage Prezidan Maduro ak gouvènman sosyalis li a. Sepandan Maduro rete kole sou pouvwa a gras ak apui Larisi avèk Lachin. Pou Minis afè etranjè rejim Maduro a, Jorge Arreaza, te bay yon demonstrasyon sou solidarite anti-ameriken rejim nan benefisye, li te rankontre avèk prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, nan jounen madi 21 janvye 2020 an. Yon jou anvan sa, nan lendi 20 janvye a, Sekretè Deta Mike Pompeo te deklare Washington ap anvizaje mwayen pou l ranvèse rejim Maduro a. Misye Pompeo te di:
“Gen moun ki panse nou souzestime Maduro. Sa moun souzestime a se dezi, se volonte pèp venezueleyn an genyen nan fon kè li pou l viv nan libète, pou l jwi libète li.”
Prezidan Maduro –ki deja pale pou l di li ta renmen antre nan yon dyalòg dirèk avek Lèzetazini- rejte pawòl sevè Sekretè Deta Pompeo a; dapre li, tout sa se pawòl politisyen.
Nicolàs Maduro akize Juan Guiado tou deske li se yon pope twèl, yon maryonèt nan men Lèzetazini. Nouvel yo fè konnen kèk sektè pè pou otorite yo nan Venezuela pa arete Juan Guaido lè l va retounen nan peyi a apre li va fin patisipe nan Fowom Ekonomik Mondyal la nan Davos akoz li vyole entèdiksyon rejim Maduro a poze pou l pa kite Venezuela.