Accessibility links

Breaking News

Grèv Jeneral ann Ayiti Pou Pwoteste Kont Ogmantasyon Pri Gaz la


Ann Ayiti, lidè sendika transpò piblik yo lanse yon modòd grèv jeneral pou lendi 28 mas 2011 la pou yo pwoteste kont desizyon gouvènman an te pran semèn pase a pou l ogmante pri gaz la sou mache nasyonal la.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens rapòte grèv la pran nan kapital la nan kòmansman jounen an kote moun pat wè ni machin prive ni machin piblik nan lari yo. Lè otorite yo t ap anonse ogmantasyon pri gaz la, laprès te fè yo sonje yo te pwomèt yo p ap pran yon disizyon konsa pa zavan piblikasyon rezilta final eleksyon 20 mas la.

Sepandan Minis Finans ak Ekonomi an, Ronald Baudin, te vini ak eksplikasyon pou l di gouvènman an oblije retounen sou pwomès sa a akoz gwo ogmantasyon pri petwòl la sibi sou mache entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG