Accessibility links

Breaking News

Grèv Anplwaye BBC K ap Revoke Anpil Jounalis


Anplwaye BBC k ap manifeste devan ofis konpayi an nan wes lond
Anplwaye BBC k ap manifeste devan ofis konpayi an nan wes lond

Nan vil Lond, ann Angletè, anpil jounalis chèn radyo-teledifizyon britanik la, BBC, ap patisipe nan yon 2èm grèv 24 trè.

Manm Sendika Nasyonal Jounalis Britanik yo lanse mouvman grèv la pou yo pwoteste kont revokasyon obligatwa ki kòmanse fèt nan estasyon an byen bonè lendi premye daout la, pi presizeman a pati de minui.

Daprè sendika jounalis yo, dirijan BBC yo pa vle fè negosyasyon sou fason pou yo rezoud pwoblèm anplwaye estasyon an ki oblije kite travay la. BBC gen plan pou l koupe 387 djòb; 100 pami djòb sa yo tonbe anba sa yo rele “yon eliminasyon obligatwa.”

XS
SM
MD
LG