Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ejipsyen an Kritike Fason Etazini Adrese Kriz Politik Peyi sa a


Gouvènman Ejipsyen an Kritike Fason Etazini Adrese Kriz Politik Peyi sa a
Gouvènman Ejipsyen an Kritike Fason Etazini Adrese Kriz Politik Peyi sa a

Gouvènman Prezidan Mubarak la akize Lèzetazini dèske l ap eseye enpoze volonte li sou yon alye fidèl nan Mwayen Oryan an, nan moman Washington lanse avètisman pou l di gouvènman ejipsyen an poko rive satisfè yon pati minimòm nan refòm pwòp pèp li ap reklame.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs ki t ap abòde dosye a mèkredi 9 fevriye 2011 la fè konnen Lèzetazini ap tann Lejip pran sa misye Gibbs rele “dispozisyon reyèl e konkrè” pou l akselere pwosesis tranzisyon an.

Daprè pòtpawòl la toujou, gwo kantite manifestan ki pran lari nan vil Lekèr pou mande depa gouvènman an pa yon sipriz ditou, lè w konsidere le fèt ke otorite yo pa rive pran aksyon ki nesesè pou yo satisfè doleyans manifestan yo.

Nan yon entèvyou ak chèn televizyon amerikèn PBS, minis afè etranjè ejipsyen an, Akmed Aboul Gheit, pa mete dlo nan bouch li pou l kondane kèk deklarasyon gouvènman Obama a fè, sa pa gen lontan, sou evolisyon sitiyasyon an nan peyi Lejip.

XS
SM
MD
LG