WASHINGTON, DC —
Delege ki reprezante 2 gwoup belijeran kap goumen nan Soudan-Sid yo reyuni nan Etyopi pou fè chita-pale lapè apre plizyè semèn zak vyolans ki detwi lavi plis pase mil kretyen vivan. Reprezantan prezidan Salva Kiir ak reprezantan lidè rebel e ansyen vis prezidan Riek Mashar, rive depi mèkredi nan kapital la ethiopyèn nan, Addis Abeba.
Nouvèl la fè konnen genyen nouvo afwontman nan Bor, kapital Eta Jonglei ant sòlda gouvènman an ak fòs kap apiye misye Machar yo.
Nan yon mesaj gouvènman pibliye sou rezo sosyal Tweter li fè konnen li wete yon pòsyon nan sòlda li yo nan Bor, men toujou genyen lese-frape nan katye alantou yo.
Prezidan KIIR dekrete Eta D’urjans nan Jonglei--yon Eta ki rich ak petwòl, san di pètèt-- prensipal koz lese-frape yo.
Nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik yè, misye Marchar akize prezidan SALVA KIIR kòm responsab pi fò vyolans lan, e li deklare pa kapab genyen lapè nan Soudan anba lidèchip misye KIIR
Marchar di KIIR ap divize peyi a e li akize prezidan an deske l ap komèt masak e ap fè netwayaj etnik nan Juba. Li di li pa kwè prezidan Salva KIIR kapab ini pèp la ankò.
Marchar kontinye pou’l di "sitwayen Soudan Sid yo ta dwe pote kole ak fòs li yo pou fòse prezidan KIIR bay demisyon li, si l pa vle fè sa ak pwòp volonte li.
Lidè rebèl la di li "espere pèp la va pote-kole pou ini Mouvman SPLM nan ( ki sou pouvwa a) ak mouvman SPLA a (Lame Liberasyon Popilè Soudan-an) nan yon rebelyon pou fòse Salva KIIR bay demisyon li.
Yon lòt fwa ankò, Marchar lanse apèl bay gouvènman an pou mande liberasyon tout alye politik li yo pouvwa a fèmen nan prizon yo.