Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Michigan nan Kritike Pwogrè Ekonomik Prezidan Trump Fè Elòj nan Diskou Eta Nasyon an


 Madam Gretchen Whitmer, Gouvènè eta Michigan
Madam Gretchen Whitmer, Gouvènè eta Michigan

Gouvènè Michigan nan Gretchen Whitmer bay repons nan non Pati Demokrat la, diskou sou eta nasyon Prezidan ameriken an Donald Trump la kèlke minite apre madi swa 4 fevriye 2020 an.

Selon gouvènè Whitmer, pèp la pa benefisye pwogrè ekonomi Prezidan Donald Trump fè elòj de li a. Dapre li mache labous la ki anbès epi salè travayè yo ap make pa sou plas.

Popilasyon an pa gen lajan apre yo fin peye dèt yo nan fen mwa a. Pou li menm Demokrat yo ap chache fè swen sante a pibon konpare ak deklarasyon prezidan an fè.

Daprè gouvènè a, Demokrat nan plizyè eta deja ap travay pou amelyore enfrastrikti peyi a pandan y ap etann sistèm swen sante a. Demokrat yo vote pwopozisyon lwa sou salè egal-ego epi ogmantasyon salè mininòm men jiska prezan pwopozisyon lwa sa yo bloke nan Sena a ke Repibliken yo kontwole.

XS
SM
MD
LG