Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Pra l Elimine Baryè ki Anpeche Antreprenè Etranje Al Envesti Nan Peyi a


Plizyè santèn envestisè etranje k ap patisipe nan yon Fowòm entènasyonal 2 jou sou envestisman ann Ayiti kòmanse bay kèk siyal pozitif sou pwojè yo vle finanse nan peyi a.

Prezidan Ayisyen an, Michel Martelly, ki te louvri konferans la deklare: “Ayiti pare pou l fè bizinis.”

Chèf leta ayisyen an ki te bay yon konferans pou laprès apre ouvèti fowòm nan pataje entansyon li genyen pou l kreye plizyè santèn milye djòb sou yon peryòd 3 zan. Mesye Martelly te pwofite anonse siyati yon akò avèk Kolonbi sou kilti kafe, yon patenarya ant Otèl Marriott avèk konpayi telefòn Digicel pou konstriksyon yon otèl ki konfòm ak "normes et standards" entènasyonal nan Pòtoprens.

Gouvènman ayisyen an pwofite fowòm sa a pou l anonse yon nouvèl oryantasyon nan diplomasi ayisyèn nan. Minis afè etranjè ayisyen an, Laurent Lamothe, ki t ap entèvni nan ouvèti fowòm nan fè konnen Prezidan Martelly pase tout konsila ak anbasad ayisyen aletranje lòd pou oryante diplomasi peyi a sou bizinis.

Mesye Lamothe pwomèt pou l elimine baryè pou antreprenè ki vle envesti nan peyi a. Chanselye ayisyen an a fè konnen gouvènman an pral anplwaye moun ki gen konesans nan ekonomi ak jesyon, moun ki ka fè pwomosyon pou Ayiti.

Fowòm 2 jou sa a reyini 500 envestisè etranje ak plis pase 700 òm dafè ayisiyen k ap patisipe nan atelye sou touris, agwo-indistri ak enfrastrikti. Plizye pèsonalite tankou ansyen prezidan Bill Clinton ak prezidan BID la, Luis Alberto Moreno, ap patisipe nan fowòm sa a ki se yon inisyativ Bank Entèamerikèn Devlopman, USAID ak Fondasyon Clinton.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG