Accessibility links

Breaking News

Gouvènman vil New York Pral Revoke plis pase 4 Mil Anplwaye ki Refize Vaksinen


Virus Outbreak NYC Vaccine Mandate
Virus Outbreak NYC Vaccine Mandate

Gouvènman vil New York ap pare pou-l revoke plis pase 4 mil anplwaye poutèt yo pa konfòme yo ak obligasyon vil la fè pou yo vaksinen .

Desizyon sa-a konsène pwofesè, polisye, travayè sanitè ak ponpye.

Se Bill de Blasio ki te majistra lè meri a te enpoze obligasyon vaksen sa a sou travayè sektè prive ak lakomun ane pase.

Travayè vil la te gen jiska finisman vandredi k-ap vini pou yo konfòme yo avek obligasyon sa a oubyen yo ap pèdi djob yo.

“Nou dwe fè sa byen klè – moun dwe vaksinen si yo se anplwaye vil Nouyok se Deklarasyon Eric Adams yon demokrat ki te monte Majistra nan mwa janvye a te fè nan yon konferans pou laprès jedi ki sot pase a.

Sendika ki reprezante anplwaye vil la te asiyen administrasyon an pou lite kont obligasyon sa a, men jiskaprezan efò sa yo pa reyusi.

Revokasyon sa yo vini nan moman kantite ka enfeksyon an ap bese seriezman e pandan anpil eta ameriken ak peyi nan mond la ap leve anpil restriksyon ki gen rapò a Covid-19 -- e nan kèk ka obligasyon pou vaksinen an. Yon afè 95% nan apeprè 370,000 anplwaye vil la vaksinen daprè nouvel yo.

XS
SM
MD
LG