Accessibility links

Breaking News

Gonayiv: La Jistis Ap Chache Yon Papa Ki ta Vyole Pitit Fi l ki Gen 13 an


UN Peacekeeper Child Sex Ring
UN Peacekeeper Child Sex Ring

Lajistis nan vil Gonayiv ap chache Sylvain ki ta vyole yon pitit fi l ki gen 13an.

Sylvain se non papa sa ki vyole yon pitit fi l, timoun lan gen sou tet li selman 13 lane. Dapre la jistis, krim nan komèt nan Poteaux 4yèm Seksyon vil Gonayiv. Dapre sa manman di otorite yo, papa a vyole tifi a 2 fwa.

Dapre responsab enstiti pou byennèt sosyal ak rechèch (IBESR) la, premye fwa zak yo te komèt, papa a te fenk soti nan Repiblik Dominikèn. Li mande pou timoun lan pase lakay li. Efektivman timoun lan ale lakay papa li, nan mitan lannwit papa a te gen konvèsasyon sila ak timoun nan, dapre temwayaj manman pitit la.

Papa: "Mwen ta renmen wè si ou tifi"

Timoun: "Papa sa ou ap dim konsa?"

Yon ti tan apre, Sylvain mete men sou timoun nan li vyole li, dapre sa manman timoun lan di otorite yo, timoun lan "ap senyen, papa a pran rad timoun lan li lave yo ".

Timoun nan kenbe sa sekrè paske papa li menase l, li montre l yon "Koulin" pou si li ta va pale de sa poul koupe tèt li .

Kèk jou apre, papa a fè menm demand lan, li mande pou timoun lan vin wè li, timoun lan pete yon rèl, malgre sa li ale lakay papa li, epi misye vyole l ankò.

Responsab enstiti pou byennèt sosyal la di "fok otorite lajitis yo fè tout sa yo konnen pou mete manda d'arè dèyè akize a".

Nouvèl la te gaye, Sylvain te chape poul li al lage ko'l an Repiblik Dominikèn. Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo nan vil Gonayiv ap travay pou remèt dosye sa ak otorite yo nan vil Gonayiv, pou pouswit lajistis.

Responsab enstiti pou byennèt sosyal la ak kowòdonatè Dwa Fanm nan Gonayiv fè konnen nan senk dènye mwa ki pase yo, yo pa janm pase yon semèn san yon ka fanm ak tifi ki viktim vyòl oswa vyolans fizik.

GADE: Repotaj Exalus Meregenat depi Gonayiv

Lajistis Gonayiv ap Chache yon Papa ki Vyole yon Pitit Fi l ki Gen 13 Zan
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:20 0:00

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG